top of page
Search

Kòman w jere tan w?

Jesyon tan se you n nan bagay ki parèt fasil paske ou jis di tèt ou ke w gen tan, men kòman w jere tan sa ke w di w genyen an?

Ou itilize kèk pwen nan yon metòd ke w gendwa pat konnen, metòd sa rele 5P.


1- Priyorizasyon:

Ou fè yon lis de tach pou regle yo pa òd enpòtans apresa w mete yo nan yon lis tach pou akonpli (priyorite ijan, priyorite non ijan).


2- Etabli objektif:

Ou ka itilize metòd SMART la ki se yon metòd pou reyalize objektif ki spesifik, mezirab, atenyab, reyalizab epi atravè yon tan byen defini.


3- Delege:

Ou ka chwazi delege kèk tach ki pa twò enpòtan pou ka fokis sou tach ki pi enpòtan yo.


4- Elimine distraksyon:

Planifye on ti tan pou tcheke imel ou, mesaj, apèl manke epi reponn anpil ladan yo si w kapab, lap pèmèt ou travay epi fokis lèw gen mwens distraksyon sa yo.


5- Di NON:

Di non nan sans ke wap di non a tach ou trouve ki pa yon priyorite pou ka ret konsantre sou tach ki pi enpòtan yo.


Mwen rete kwè ke w te konn itilize you n nan pwen ki nan metòd sa san ke w pat konnen.


Pa bliye swiv nou pou jwenn plis stil nan ti resous sa yo.

 
 
 

Comments


bottom of page